Your NDWA Member Benefits

— Updated Oct 14, 2020 —

Rabè sou swen Vizyon yo

EyeMed atravè zanmi nou yo nan UnionPlus ba w chwa-e anpil chwa. Epitou avèk aksè w genyen ak yon gwo rezo doktè je ki endepandan e ak tout detayan popilè yo, li trè fasil pou pran yon randevou pou fè egzamen e sèvi ak rabè w la.Klike la a pou telechaje kat asirans ou, ki gen enfòmasyon enpòtan sou fason w ka itilize rabè vizyon w lan lakay detayan lokal ou yo.

Rabè sou preskripsyon yo

Se zanmi nou yo nan Union Plus ki ofri benefis sa a epi li ofri rabè sou preskripsyon enpòtan yo. Klike la a pou gen aksè ak kat ou pou benefis sa a oswa rele 844-254-3099 si w pito pale ak yon moun nan telefòn. Tanpri di w ap rele pou Pwogram Union Plus 2 a.

Asirans vi

Asirans Vi Gwoup ofri pwoteksyon pou fanmi w ak tèt poze pou w paske l ap ede fanmi w kouvri depans inatandi tankou depans lantèman, lwaye ki poko peye, depans vwayaj, bòdwo ki poko peye ak anpil lòt bagay ankò gras a yon kontra asirans $ 5000. Ou te chwazi benefisyè w yo lè w te fèk vin manm. Si w bezwen met enfòmasyon sou benefisyè w la ajou, tanpri klike isit la. Si w gen kesyon sou asirans vi w la, tanpri kontakte konpayi asirans Amalgamated dirèkteman nan (866) 975-4089.

Aparèy pou ede w tande pi byen ak tès yo

Ou ka gen aksè ak ant 20 a 60% rabè sou aparèy pou ede w tande pi byen ak tès yo pou ou ak fanmi w atravè zanmi nou yo nan United Hearing Services, yon founisè ki vann tout kalite aparèy moun itilize pou yo ka tande byen, e se HearUSA Hearing Care Network ki administre benefis sa yo bay plis pase 4,000 founisè toupatou nan peyi a. Pou plis eksplikasyon detaye sou rabè yo epi pou telechaje kat benefis ou, klike isit la.

Rabè sou tikè Sinema ak Amizman yo

Lwazi ak bon moman detent ou pase an fanmi kapab ede w kenbe nan travay di w ap fè a. Rabè sa yo ap fè w benefisye sou pri tikè sinema yo ak lokasyon, pak amizman, teyat, ak espò. Benefis sa a yo tou se zanmi nou yo nan UnionPlus ki ofri yo. Pou gen aksè ak benefis ou yo, tanpri ale sou sit entènèt sa a epi chwazi “NDWA” kòm sendika w. Ou pral bezwen kreye yon nouvo kont sou sit entènèt Union Plus la.

Member-only Events

We hope you’ll join us for upcoming events for NDWA members only. We will notify you about members-only events through email and text message. To see all public NDWA events, click here.

Financial Counseling

During the coronavirus pandemic, we all could use some help with our finances. That’s why NDWA is partnering with TrustPlus, one of the nation’s leading providers of financial empowerment services and products for low income people. They offer a one-on-one financial coaching service over the phone to help people create a financial plan and do things like improve credit scores, learn how to handle debt effectively, find emergency funds and support, and more. They also have financial coaches who understand the needs of the immigrant community. And they can also provide advice and guidance for your children or other family member’s financial situations, too! To learn more, click here.

Pi Bon Rabè sou swen vizyon yo

Ou bezwen plis swen vizyon? Benefis sa a ka ede w pran swen tèt ou ak rabè sou yon seri de sèvis vizyon ki ant 5 a 60%. Ou pral bezwen enskri atravè zanmi nou yo nan Union Plus. Pou fè sa, klike isit la epi chwazi “NDWA” kòm sendika w.

Rabè sou sèvis dantè yo

Dan yo enpòtan, e swen dantè ka chè! Benefis sa a ka ede w pran swen tèt ou ak rabè sou yon seri de sèvis dantè ki ant 5 a 60%. Ou pral bezwen enskri a travè zanmi nou yo nan Union Plus. Pou fè sa, klike isit la epi chwazi “NDWA” kòm sendika w.