Semèn Aksyon pou "Care Can't Wait" [Swen pa ka tann]

Semèn sa a nou pral pran aksyon nan tout peyi a, pou nou mande Kongrè a pou yo kite envestisman $ 400 milya dola a pase nan Plan Travay Ameriken an ke administrasyon Biden nan te pwopoze a. Plan an ap pèmèt moun genyen yon salè ki pi wo ak benefis pou travayè ki bay swen yo, epi pou gen plis aksè a sèvis ki baze nan kay ak nan kominote yo.

Kèk nan nou pral nan Washington, DC pou kanpay ‘Swen Pa KaTann Jounen pou Aksyon’ an, epi gen lòt moun ki pral pran aksyon nan lòt pati nan peyi a. Kèlkeswa kote ou ye a, nou bezwen OU, e gen yon wòl ke w ka jwe.

Madi 13 jiyè

Jedi 15 jiyè

Enskri e patisipe nan seminè sou entènèt nou an pou nani, travayè ki bay swen nan kay ak moun ki netwaye kay yo, pou w ka jwenn yon rapò ki soti nan DC, e pou w aprann kijan nou tout ka pran aksyon lè nou rele Senatè nou yo. Nou pral pratike ansanm pou nou ka pare pou nou fè dè milye de apèl nan Vandredi.

Vandredi 16 jiyè

  • Rele Senatè w la. Ou pral resevwa yon tèks ki mande pou kòd postal ou. Reponn ak kòd postal ou – apre sa, yo pral retounen apèl la sou telefòn ou – asire w ke ou reponn! Ou pral tande yon mesaj enstriksyon otomatik, e apre sa a, ou pral konekte avèk Senatè w la pou livre mesaj la. Si ou pa resevwa tèks la, rele 1-855-674-8044. Aksyon apèl sa a ap fèt sèlman an anglè ak panyòl.
  • Klike la a pou siyen yon lèt pou voye bay Senatè w la. 
  • Apre sa, envite 5 zanmi w fè menm bagay la!