Apwopwo NDWA

Alyans Nasyonal Travayè Domestik yo se yon kominote ki gen ladann bòn timoun, moun ki netwaye kay, ak moun ki bay swen nan kay, k ap konekte an pèsòn ak sou entènèt la pou fè travay nou ak lavi nou vin miyò. Ansanm, n ap fè tande vwa nou – n ap genyen dwa ak respè pou travayè domestik yo an menm tan tou n ap jwen benefis ki gen valè ke okenn nan nou pa t ap ka jwenn pou kont l
Vizyon nou

Nan NDWA, n ap travay pou yon bèl vizyon. N ap travay pou yon jou travay nou – ak tout lòt travay –jwen tout valè ak respè yo merite. 

About Image

Nou vle asire ke timoun yo, granmoun aje yo ak moun ki gen andikap yo jwen swen ak sipò yo bezwen. Nou vle met yon fen ak rasis, sèksis, klasis, zenofobi, diskriminasyon kont moun ki andikape, ak nenpòt lòt atak sou kominote nou yo. Nou vle yon ekonomi ak yon demokrasi k ap travay pou tout moun. Pou n ka genyen ak vizyon sa a, nou dwe travay ansanm pou n konstwi yon alyans ki djanm e inifye e ki kapab pwojte pouvwa kolektif nou an.

Travay nou

N ap fè vizyon nou an vin yon reyalite nan met ansanm ak nan bati pouvwa.

About Image

Travayè domestik atravè NDWA nan New York, Kalifòni, Hawaii, Massachusetts, Connecticut, Oregon, New Mexico, Illinois, Nevada, Seattle ak Philadelphia te met ansan pou yo te genyen nouvo dwa ak pwoteksyon pou travayè domestik yo. An 2015, manm nou yo te genyen dwa salè minimòm ak peman siplemantè pou travayè ki bay swen nan kay yo atravè tout peyi a. An 2019, nou te entwodwi Deklarasyon Nasyonal Dwa Travayè Domestik yo, ki pral garanti dwa ak diyite pou tout travayè domestik toupatou nan peyi a epitou nou te lanse Alia, yon platfòm teknoloji travayè domestik yo te bati pou n te ka jwenn benefis tankou konje peye.

Member Icon
Konekte youn ak lòt

Bati yon baz masif ak manm ki peye kotizasyon yo ki kapab pran aksyon pwisan ansanm epi bati yon mouvman ki dirab alontèm. Aprann plis bagay sou ki jan pou vin manm ak koneksyon isit la.

Member Icon
Genyen lwa ak règleman yo

Mennen kanpay nasyonal ak lokal pou n ka genyen pi bon pwoteksyon pou travayè domestik ak travayè ki bay swen nan kay yo. Tcheke Deklarasyon Nasyonal Dwa Travayè Domestik yo epi wè ki jan w ka vin fè pati.

Member Icon
Vin yon fòs pou chanjman

Rakonte istwa n yo ak chanje ki jan yo wè ak bay travay nou valè nan kilti popilè . N ap transfòme lavni mendèv nou an, e n ap bati sipò pou yon demokrasi ak yon ekonomi pi jis. Tcheke Fanmi Sipoze Ret Ansanm ak Swen An Aksyon pou plis enfòmasyon.

Valè nou yo

Nou bay valè ak :

Estrateji ak vizyon ki pataje.

Nou aji nan yon fason kowòdone kòm yon alyans. Nou aliyen dèyè yon menm estrateji ak yon menm mesaj epi nou gen yon menm pawòl lè n ap pale de travay nou ak moun deyò.

Lidèchip ki pataje.

Nou pataje lide n yo, epi n koute lòt moun ak respè. Nou sipòte youn lòt nan pran pozisyon lidèchip, epi n respekte estrikti lidèchip òganizasyon n an ak moun ki ladann l yo.

Koneksyon ak swen.

Nou travay pou n konprann defi ak rèv youn lòt kòm si se te pwòp pa nou yo ye. Nou trete tèt nou e n trete youn lòt ak swen e respè.

Respè, diyite ak onètete.

Nou pa chèche detwi ni pote move kritik sou youn lòt oswa òganizasyon n an. Nou ankouraje dyalòg ak kritik ki pozitif pou n fè òganizasyon n an vin pi bon atravè konvèsasyon, transparans ak responsablite. Nou travay ansanm ak yon menm vizyon e yon menm objektif nan lide n.

Santre vwa, vizyon ak bezwen moun sa yo ki afekte pi dirèkteman pa entèseksyon

rasis, sèksis, klasis, omofobi ak lòt fòm opresyon yo. Nou chache solisyon ki pral leve nou tout ansanm, san kite youn nan nou dèyè.