WE DREAM IN BLACK

We Dream in Black (Nou Reve an Nwa) se yon pwojè Alyans Nasyonal Travayè Domestik yo e se kay politik travayè domestik Nwa toupatou nan peyi a.

Misyon nou se bati pouvwa politik ak vizibilite travayè domestik Nwa atravè dyaspora Afriken an.

Alyans Nasyonal Travayè Domestik yo gen fèm konviksyon ke tout aktivite pou òganize k ap fèt dwe dirije epi dwe santre sou lavi fanm Nwa paske endistri a te bati pou l eksplwate fanm Nwa yo. Istwa travay domestik Ozetazini makònen ak istwa esklavaj, lè esklav Afriken yo te fòse pou yo bay sèvis swen kay blan yo. Apre esklavaj te fini djob sa yo se ansyen fanm esklav Afriken yo ak pitit fi yo ki te kontinye ap fè yo. Jodi a, 57,000 a 160,000 fanm Nwa ap travay nan kay prive oswa pou ajans kòm travayè domestik. Nou vle transfòme lavni nan yon fason ki leve mendèv domestik Nwa a epi ki pote valè ak respè pou travay nou ak tout istwa lit nou an.

Page Image

Kisa nou fè?

Òganize travayè nou an konsantre sou chanje naratif travayè domestik Nwa nan tout sektè swen lasante, gadri ak netwayaj yo, pandan n ap devlope lidèchip nan baz nou yo epi leve endistri swen an atè a atravè aksyon politik.

Konn Dwa w yo

Nou fòme travayè domestik Nwa yo pou yo konn dwa travay yo ak dwa sivil yo ak kouman pou yo defann tèt yo nan travay la.

Fòmasyon

Manm nou yo gen aksè ak fòmasyon e ak zouti ki pou ede yo devlope nouvo ladrès nan endistri yo a ak kijan pou yo rete an sekirite nan travay yo.

Rezo sipò

Nou òganize rasanbleman lokal, rejyonal ak nasyonal ki rasanble travayè domestik Nwa yo ansanm pou yo bati relasyon ak kreye yon kominote solid.

Òganize

Nou aprann ki jan pou n fè òganizasyon nou an grandi pou n ka sèvi ak vwa nou e ak kò pou n enfliyanse politik, chanjman nan espas travay yo ak jwen jistis pou kominote nou yo.

Ki kote m ka jwenn We Dream In Black (Nou reve an Nwa)?

We Dream in Black gen chapit nan Georgia, Florid, New York, North Carolina, Massachusetts ak Texas. Nou gen yon kominote solid tou sou entènèt la, swiv paj Facebook nou an epi rantre nan gwoup eksklizif nou an: Sèk Travayè Nwa ki bay Swen yo.

Èske w idantifye kòm moun Nwa / ki desandan Afriken? Tèks BOLDEN nan 33843 pou konekte ak nou jodi a!

Travayè domestik Nwa yo mande “Pèy, Konpetans ak Respè”, aprann plis sou sondaj nou yo ak travayè domestik Nwa yo nan wedreaminblack.org.

Lè w bay nimewo selilè w, sa vle di w dakò pou resevwa mesaj okazyonèl ak dènye nouvèl NDWA yo. Tarif sou Done & mesaj ka aplike. Ou ka chwazi de-enskri tèt ou nenpòt ki lè — tèks STOP nan 97779 pou sispann resevwa mesaj yo. Lè w bay adrès imèl ou, sa vle di w dakò pou resevwa dènye nouvèl NDWA ak òganizasyon alye li yo pa imèl. Ou ka koupe abònman a nenpòt ki lè. Konsilte Règleman sou Enfòmasyon Prive nou la a.