Rabè sou swen vizyon yo

Manm NDWA gen aksè ak rabè sou swen vizyon, sèvis ak materyèl yo. Rabè sou swen vizyon nou yo ba w chwa – e ou gen anpil chwa. Epitou avèk aksè w genyen ak yon gwo rezo doktè je ki endepandan e ak detayan ki popilè yo , li trè fasil pou pran yon randevou epi sèvi ak rabè w yo. Epi rabè w yo ap pèmèt ou achte gwo mak linèt ak sa ki alamòd yo pou mwens kòb.

Rabè sou preskripsyon yo

Manm NDWA yo gen aksè ak rabè sou preskripsyon yo nan anpil famasi. Rabè sa yo ap ede w achte medikaman pou bezwen medikal ou yo. Epitou w ap gen aksè ak yon gwo rezo diferan famasi atravè peyi a, li fasil pou kòmanse ekonomize touswit!

Asirans vi

Vin manm NDWA, epi w pral benefisye yon tèt poze paske w ap gen yon kontra asirans vi $5000. Asirans Vi Gwoup la ofri pwoteksyon pou fanmi w ak lapè nan tèt pou w paske l ap ede fanmi w kouvri depans inatandi yo tankou depans lantèman, lwaye ki poko peye, depans vwayaj, bòdwo ki poko peye ak lòt bagay ankò oka w ta mouri.

Aparèy pou ede moun tande pi byen ak tès yo

Manm NDWA yo gen aksè ak gwo rabè sou aparèy pou ede moun tande pi byen ak tès pou ou ak pou fanmi w. Sa a gen ladann l ekonomi sou pri aparèy yo menm epi ak sèvis konplè pou sipòte w ak manm fanmi w pandan w sou wout pou vin tande pi byen an.

Rabè sou tikè Sinema ak Amizman yo

Lwazi ak bon moman detent ou pase an fanmi ka ba w ankourajman, e li ka ede w kenbe nan travay di w ap fè a. Kòm yon manm NDWA ou pral benefisye rabè sou pri tikè sinema ak lokasyon, pak amizman, teyat, ak espò tankou Gwo Lig Baseball.

Aktivite pou Manm yo Sèlman

Manm NDWA yo resevwa sou imèl ak tèks enfòmasyon sou aktivite yo, kou ak pwogram sou entènèt la ki rezève sèlman pou moun ki peye kotizasyon yo.

Pi Bon Benefis

Pi Bon Rabè sou swen vizyon yo

Benefis sa a kouvri pi plis pase rabè sou swen vizyon debaz yo ki deja disponib pou ou kòm yon manm NDWA. Benefis sa a ka ede w pran swen tèt ou gras ak rabè sou yon seri de sèvis pou vizyon ki ant 5 a 60%.

Rabè sou sèvis dantè yo

Dan yo enpòtan, epi swen dantè ka chè! Benefis sa a ka ede w pran swen tèt ou gras ak rabè sou yon seri de sèvis dantè ki ant 5 a 60%.