ALIA

Alia se premye platfòm benefis pòtab pou travayè domestik yo nan tout mond la.

An 2015 nou te kontinye ap tande travayè domestik yo ap di: nou bezwen benefis. Istwa travayè ki te oblije chwazi ant ret lakay yo lè yo te malad oswa al travay pou yo te ka met manje sou tab lakay yo le swa. Yo te toujou sou estrès paske yo pa t ka konte sou okenn èd pou soutni yo lè yo pa travay. Yo pa t gen aksè ak benefis yo.

Kidonk, nou te deside konstwi yon solisyon.

Alia te kreye pou travayè domestik yo, e li te fèt an premye pou moun k ap netwaye kay yo, se travayè sa yo ki te gen plis difikilte pou yo gen aksè ak benefis. Pifò nan moun ki netwaye kay gen plizyè kliyan, kidonk Alia pèmèt pou gen anpil kontribitè. Pifò kliyan yo gen direfan kantite sèvis netwayaj yo bezwen, se poutèt sa Alia pran kontribisyon pa pòsyon. Lis kliyan pifò moun ki netwaye kay yo toujou ap chanje paske nouvo kliyan vini ansyen klyan sispann sèvis, se poutèt sa Benefis Alia yo atache ak travayè a, e pa ak travay la, ki fè ke benefis yo vrèman pòtab.

Jwenn plis enfòmasyon sou Alia ak enskri isit la.