Konekte ak lòt moun

Ou ka vin manm NDWA nenpòt kote w ye nan peyi a!
Kominote

Kòm yon manm nan NDWA, yo pral envite w rantre nan kominote nou yo sou entènèt la pou konekte ak lòt travayè domestik yo epi pou patisipe nan travay n ap fè pou n genyen diyite ak respè! Men, si w yon kote ki genyen yon Chapit NDWA (Washington, DC, New York City, Georgia, North Carolina, Houston, ak San José California), ou pral gen yon chans pou konekte avèk lòt travayè domestik nan zòn ou an.

Si w ap viv nan yon zòn ki pa nan lis anwo a, chèche konnen si gen yon òganizasyon ki afilye ak NDWA tou pre w!

Afilye NDWA yo se òganizasyon endepandan ki òganize ak sipòte travayè domestik nan vil atravè peyi a. Òganizasyon afilye nou yo envite w pou vin manm yo! Ou ka kontakte nenpòt nan afilye nou yo dirèkteman pou jwenn plis enfòmasyon.

Ou Bezwen plis enfòmasyon anvan w Vin Manm ?

Klike la a pou w abòne pou bilten nou an pou ka resevwa dènye nouvèl ak enfòmasyon yo.