Entwodiksyon
Deklarasyon Nasyonal Dwa Travayè Domestik nan Kongrè Ameriken an

Jou 29 jiyè 2021 an, yo pral reenstale Deklarasyon Nasyonal Dwa pou Travayè Domestik yo nan Kongrè Etazini an.

Deklarasyon Dwa a se yon lejislasyon nasyonal inovatè ki vize pou l kreye dwa solid nan travay ak pwoteksyon pou travayè domestik atravè tout peyi an. Pwojè lwa a, ko-patwone pa Senatè Kirsten Gillibrand ak Ben Ray Luján, ak tout Reprezantan Pramila Jayapal, pral kreye yon estanda nasyonal ki asire respè, diyite ak rekonesans ke tout travayè domestik yo merite.

Chemen an pral long pou pwojè lwa sa a pase nan Kongrè a pou l vin tounen yon lwa nèt, men entwodiksyon pwojè lwa a se yon gwo pa ann avan. Jou sa a, se yon gwo jou pou chak nani, moun k ap netwaye kay, ak travayè ki bay swen nan kay yo nan Etazini an! Men kijan ou ka rantre nan aksyon an.

Jedi, 29 jiyè, a 9:00 am lè zòn lès: Gade konferans pou laprès la an anglè oswa panyòl:

Jedi 29 jiyè, a 2:00 pm lè zòn lès: Gade konferans pou laprès la an kreyòl Ayisyen:

Jedi 29 jiyè, kòmanse nan 10am è zòn lès: Pataje imaj sa a sou medya sosyal yo pou montre fyète travayè domestik ou an ak sipò ou pou Deklarasyon Dwa a.

Pandan tout jounen an: Kopye epi kole mesaj sa a, apre sa voye l pa tèks bay tout moun ou konnen!

Travayè domestik yo merite respè ak dwa nan travay yo. Siyen petisyon nou an pou mande Kongrè a pou sipòte Deklarasyon  Nasyonal Dwa Travayè Domestik yo. https://bit.ly/SIPOTEDWBOR2021 

Jedi 29 jiyè, a 7:00 pm lè zòn lès: AN ANGLÈ: Patisipe nan webinè nou an pou tande yon rapò sou reenstalasyon pwojè lwa a, epi pou tande kisa ki pral vini apre. https://domesticworkers.zoom.us/j/88553416991

Jedi 29 jiyè, a 8:00 pm lè zòn lès: AN PANYÒL: Patisipe nan webinè nou an pou tande yon rapò sou reenstalasyon pwojè lwa a, epi pou tande kisa ki pral vini apre. https://domesticworkers.zoom.us/j/85233204936

Epi klike la a nenpòt lè pou plis enfòmasyon sou Deklarasyon Nasyonal Dwa Travayè Domestik la.